Haitian Creole: Five Poets

Eff Yeah Vodou

Alexander Akao   (Aleksann Akao)

Zombies Arise

Since I was a kid they’ve been choking me

They grab me, they stuff me into a barrel

Too small for me

They stuff me into a dart-gun

They squash me like a mango

They squash me like a banana

They refuse to let me open my mouth

To speak my mind

“You got nothing to say, you’re a kid !”

But when I’m walking I’m looking around

I see everyone at my side

Is in the same fix as me

They’re burying us all alive

They’re stuffing us in the earth

Like slaves locked up in a canefield

When it’s not a horsewhip, papa,

Making us walk a straight line

It’s a tonton macoute* gun

That gestapoes or SDs ** us

But this morning I wake up

With salt on my tongue

Nothing’s gonna stop me from speaking out !

(1980)

tonton macoute  –  paramilitary force,

including Duvalier bodyguards, involved in

organized crime;  terrorized the Haitian

people, committing many human-rights abuses

**  SD – Service d’Information:

Haiti president/dictator Jean-Claude Duvalier’s secret police

_____

Zonbi Leve

Depi m’piti y’ape toufe mwen

Yo pran-m, yo foure-m nan yon barik

Ki twò piti pou mwen

Yo foure-m nan sabakann

Yo toufe-m tankou mango

Yo toufe-m tankou bannann

Yo refize kite-m ouvri bouch mwen

Pou m’eksprime sa mwen panse

“Ou pa gen lapawòl, se timoun ou ye”

Men lè m’mache m’al gade

Mwen wè se tout moun ki sou kote-m

Ki nan menm eta sa-a avè-m

Yo antere-n tou vivan

Yo toufe-n nan tè-a

Tankou esklav te fèmen nan jaden kann

Lè se pa rigwaz papa

Pou fè-m mache SS

Se fizi tonton makout

K’ap gestapo, k’ap SD nou

Men maten-an mwen leve

Ak sèl sou lang mwen

Pa gen anyen ki ka anpeche-m pale !

(1980)

ZP_Wilson Bigaud_ZonbiZP_Wilson Bigaud_”Zonbi”

Suze Baron  (Siz Bawon)

They say

They say

human blood

enriches the soil

If it were so

if it were so

my friends

rice millet and corn

would be plenty

in Haiti.

_____

Yo di

 

Yo di

san kretyen

enrichi

latè

Si sete vre

Si sete vre

mezanmi

ala diri

pitimi

ak mayi

ki ta genyen

lan peyi

d’ Ayiti.

_____

Georges Castera (Jòj Kastra), born 1936

Blood

Let’s go see blood flow,

darling.

For once in a lifetime,

it’s not people’s blood spilling,

for once in the street

it’s not animal’s blood flowing,

let’s go see blood flow,

darling:

the sun is setting.

_____

San

An n’al gade san koule,

cheri

pou yon fwa nan lavi,

se pa san moun k’ap koule,

pou yon fwa nan lari

se pa san bèt k’ap koule,

an n’al gade san koule,

cheri,

se solèy ki pral kouche.

_____

Felix Morisseau-Leroy  (Feliks Moriso-Lewa), 1913-1998

Testament

When I die, make me a beautiful wake

I’m going neither to paradise nor to hell

Don’t let a priest speak Latin to my head

When I die, bury me in the yard

Gather all my friends, make a big feast

Don’t go past the church with my corpse

When I die, everyone should really get happy

Laugh, sing, dance, tell jokes

Don’t bawl, yell into my ear

I won’t be completely done when I’m dead

All the places where there were great bashes,

Where people are free – they’ll remember me.

Testaman

Lè m’mouri, fè bèl vèy pou mwen

M’pa pral ni nan paradi ni nan lanfè

Pinga pè pale laten nan tèt mwen.

Lè m’mouri, antere mwen nan lakou-a

Rasanble tout zanmi-m fè bèl fèt

Pinga pase legliz ak kadav mwen

Lè m’mouri, se pou tout moun byen ge

Ri, chante, danse, bay blag

Pinga kriye, rele nan zòrèy mwen

Lè m’mouri, m’pa p’fin ale nèt

tout kote k’ganyen bèl banbòch

Kote nèg lib, fò yo nonmen non mwen.

_____

Nounous  (Lenous Surprice), born 1976

If you want

Every time I see you

You always have something

That tickles the crotch of my pants…

If it’s not your breasts

Making  “sparks fly”

Before my eyes

It’s your gilded pout

Sticking its tongue out to tease me…

If you want

One day

I can take my time

And sing a mass

Into your daybreak

Every time I cross your path

It seems you purposely

Get my  “sleeping cat”,

My  “wild horse”,  stirred up…

When your hip-swing

Isn’t calling out:  “sweets are coming”

To my tray of goodies

It’s your blesséd bonbons

Making my mouth of rainbows

Water…

One day

If you want

I’ll display the musical score

Of my body

On the naked piano of yours.

ZP_Wilson Bigaud_Femmes aux fleurs jaunesZP_Wilson Bigaud_”Femmes aux fleurs jaunes”

 

Si W-Vle

Chak fwa mwen wè-w

Toujou gen youn bagay

Ki pou ap satiyèt gason kanson-m…

Lè se pa tet-w

K’ap fè  “tidifevole”

Douvan je-m

Se dyòl dore-w

K’ap fè jwisans mwen filalang…

Si w-vle

Youn jou

M’ka pran tan-m

Pou m’chante lamès

Nan douvanjou-w.

Chak fwa m’kwaze-w

Ou ta di w-fè espre

Pou w-reveye “lechakidò”

Chwal bosal mwen…

Lè se pa deranchman-w

K’ap rele “ladouskivyen”

Pou machann kenèp mwen

Se bonbon beni-w

K’ap fè bouch lakansyèl mwen

Kouri dlo…

Youn jou

Si w-vle

M’a layite nòt mizik

Kò pa-m

Sou pyano toutouni kò pa-w.

_____

Reprinted from:

Open Gate:  an Anthology of Haitian Creole Poetry,

edited by Paul Laraque and Jack Hirschman, 2001.

Translations:  Jack Hirschman and Boadiba